1Sa se liv jenerasyon Adan yo.
Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l Jen 1:26-27nan imaj Bondye.
2Li te kreye yo Mat 19:4 mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
3Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.
4Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
5Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
6Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch.
7Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.
8Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
9Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
10Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
11Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
12Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
13Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
14Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
15Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
16Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
17Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
18Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
19Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
20Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
21Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.
22Alò, Hénoc te Mi 6:8mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
23Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
24Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te II Wa 2:10pran l.
25Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
26Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
27Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
28Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis.
29Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan Jen 3:17-19tè ke SENYÈ a te modi a.”
30Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
31Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
32Noé te gen laj Jen 7:6senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.